Plan Peman Pwolonje

Nicklaus Children’s ofri plan peman pwolonje pou fanmi pasyan yo an pasan pa AccessOne®. Genyen disponib plan peman san enterè ak plan peman fleksib ak enterè ba, ki adapte ak sitiyasyon finansye chak moun. AccessOne se pa yon ajans kat kredi oswa ajans koleksyon tradisyonèl. Pwogram li a kouvri tout fanmi pasyan yo kèlkeswa balans oswa istwa kredi. Yo pa janm rapòte enfòmasyon bay yon biwo kredi. Opsyon peman adapte pèsonèlman AccessOne yo ofri anpil avantaj:

  • Pa gen rapò kredi
  • Tout moun aksepte
  • Pa gen frè kache
  • Metòd peman fasil: sou entènèt, nan telefòn, chèk, peman otomatik
  • Relve konbine ki gen nan lòt bòdwo medikal ak manm fanmi yo

Defansè pasyan AccessOne yo pral kolabore avèk ou pou detèmine plan ki pi bon pou sitiyasyon w lan, pou ede w peye an ti vèsman regilye chak mwa ke ou ka jere yon fason reyalis. Pou aprann plis, tanpri pale ak yon defansè pasyan AccessOne lè w rele nan 888-458-6272 oswa ale sou sit entènèt la nan www.AccessOneMedCard.com