Nan yon efò pou nou pi byen sèvi w pou reponn a responsablite finansye ou ak kouvèti medikal ou lè w ap chèche sèvis nan etablisman nou an, nou mete enfòmasyon nan seksyon sa a sou sit entènèt la pou ede w chèche pi byen detay siplemantè sou pri swen sante pedyatrik epi konprann kopeman w yo ak kijan nou ka ede w piplis.
Politik Èd Finansye
Politik Èd Finansye a asire ke pasyan ki pa kapab peye frè lopital yo evalye pou kalifikasyon pou èd finansye sou yon baz san diskriminasyon. Politik la koresponn avèk misyon ak valè Nicklaus Children’s Hospital epi li pran an konsiderasyon kapasite chak pasyan pou peye frè swen li yo. Nicklaus Children’s Hospital pran angajman pou asire yon òganizasyon ki solid sou plan finansye dekwa pou l ka kontinye bay swen medikal eksepsyonèl avèk yon mendèv trè kalifye ki itilize avansman ki pi resan yo.
Transparans Pri nan Florid
Nicklaus Children's Hospital kwè ou gen dwa pou konprann opsyon swen sante ou yo ak pri swen YO. Pri ki afiche yo se estimasyon jeneral epi yo pa montre responsablite finansye ou pèsonèlman. Pri ki bay sou sit entènèt sa a ak nan etablisman nou yo se yon estimasyon frè yo pou pifò sèvis lopital san konplikasyon. Kapab gen varyasyon nan pri yo selon sèvis ki resevwa yo (sètadi, moman operasyon an) ansanm ak lòt domèn sipò siplemantè ki nesesè (sètadi, anestezi, radyoloji, elatriye). Bòdwo final ou a ap gen nan li frè pou sèvis yo te ba w yo ak responsablite finansye ou.
Fòk ou konnen doktè yo ak sèvis oksilyè prive yo ap voye bòdwo yo apa parapò ak bòdwo lopital la. Si w kouvri ak asirans sante, nou ankouraje w pou w kontakte konpayi asirans ou pou konfime enfòmasyon sou benefis ki nan kontra asirans ou a, pou yon sèvis swen sante espesyalman ki bay nan etablisman sa a. Pou konfime responsablite finansye a, tanpri klike la a pou soumèt yon demann devi.
Si w pa kouvri ak asirans sante, nou ankouraje ak tout fòs pou w kontakte Konseye Finansye nou an pou pale sou opsyon peman yo anvan w resevwa sèvis nan lopital la. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri rele nan 305-669-6525 oswa voye yon imèl bay EAS@nicklaushealth.org.
Pou wè fichye ChargeMaster nou an, tanpri ale nan seksyon Pri ak Estimasyon nou an.
Pou konpare pri yo ak pri lòt etablisman yo, tanpri ale sou misyontocare.org
Nouvo! Zouti Estimasyon Pri
Gade estimasyon pri pou sèvis ak pwosedi lopital ki pi kouran yo.
Enfòmasyon sou Pri nan FloridaHealthFinder.Gov
Pakè sèvis yo pa adapte pou moun pèsonèlman epi pri reyèl yo baze sou sèvis ki resevwa yo. Pou plis enfòmasyon sou pakè sèvis yo, tanpri ale sou, pricing.floridahealthfinder.gov
Founisè sou Kontra Ki Faktire Apa yo
Fanmi pasyan yo dwe kontakte founisè swen yo prevwa ki pral bay tretman an konsènan asirans yo aksepte epi mande yon estimasyon adapte pou yo pèsonèlman, piske y ap faktire yo apa parapò ak bòdwo lopital la. Founisè sou kontra endepandan sa yo ka gen ladan chirijyen, radyològ, anestezis, doktè sèvis dijans, ak patolojis. Pou kontakte youn nan founisè sa yo, tanpri ale sou Anyè Patnè ak Doktè sou Kontra nou yo.