Misyon nou se enspire lespwa epi ankouraje sante pou tout lavi nan bay chak timoun pi bon swen yo. Nan kad misyon nou an, sa gen enpòtans toutbon pou nou ede moun ki nan bezwen. Nou bay swen gratis pou pasyan ki pa gen asirans epi ki ranpli kondisyon pou pwogram èd finansye nou an.
Rezime Politik Èd Finansye
Politik Èd Finansye Nicklaus Children’s Hospital la te etabli pou idantifye epi ede pasyan ki pa gen resous finansye pou satisfè tout oswa yon pati nan responsablite finansye yo pou sèvis yo resevwa epi pou detèmine si yo kalifye pou èd finansye. Sa se yon rezime Politik Èd Finansye a.
Politik Èd Finansye a asire ke pasyan ki pa kapab peye frè lopital yo evalye pou kalifikasyon pou èd finansye sou yon baz san diskriminasyon. Politik la koresponn avèk misyon ak valè Nicklaus Children’s Hospital epi li pran an konsiderasyon kapasite chak pasyan pou peye frè swen li yo. Nicklaus Children’s Hospital pran angajman pou asire
yon òganizasyon ki solid sou plan finansye dekwa pou l ka kontinye bay swen medikal eksepsyonèl avèk yon mendèv trè kalifye ki itilize avansman ki pi resan yo.
Kalifikasyon Pasyan ak Rabè ki Ofri
Yo pral konsidere pasyan yo pou 100 pousan èd finansye si revni fanmi yo pou 12 mwa anvan yo nan 200 pousan Gid Federal sou Povrete la oswa mwens. Epitou yo pral konsidere pasyan yo pou 100 pousan èd finansye si responsablite konbine pasyan an poun sèvis lopital ak/oswa sèvis doktè afilye yo nan yon sèl epizòd swen depase 25 pousan revni anyèl fanmi an. Fòk tout tantativ ranbousman asirans fini nèt anvan pou konsidere kalifikasyon pou èd finansye. Sèten egzijans rezidans jewografik gendwa aplike. Yo p ap chaje pou swen dijans oswa lòt swen ki gen nesesite medikal okenn pasyan ki kalifye pou èd finansye plis pase montan yo chaje anjeneral pou moun ki gen kouvèti asirans.
Sistèm Sante Nicklaus Children's revize chak ane kritè pou detèmine kalifikasyon pou èd finansye.
Ki sèvis moun chwazi fè ki kalifye pou èd finansye?
- Politik Èd Finansye a aplike pou frè pou sèvis dijans oswa lòt sèvis ki gen nesesite medikal ke Nicklaus Children’s Hospital (ak doktè afilye li yo) founi, ak nan tout sant swen anbilatwa Nicklaus Children’s yo. Sèvis mun chwazi fè yo pa kalifye.
Lòt Pwogram Leta ki Disponib
Florida KidCare ofri kouvèti swen sante pou timoun ki kalifye ki poko gen laj 19 lane. Yo aksepte aplikasyon pandan tout ane a! Aprann plis jodi a menm.
Pwosesis ak Fòm Aplikasyon Finansye
Sistèm Sante Nicklaus Children’s lan pran angajman pou bay swen byenfezans pou moun ki nan bezwen. Pwogram Èd Finansye a bay asistans pou pasyan ki pa asire pou sèvis swen sante ki gen nesesite medikal. Li aplike sèlman pou frè etablisman yo ak frè doktè ki anplwaye yo. Politik la pa aplike pou frè doktè k ap pratike nan kabinè prive oswa lòt faktirasyon konpayi endepandan.
Kalifikasyon ou baze sou revni fwaye w ak lòt resous ou yo. Evalyasyon Finansye & Demann pou Èd Finansye a dwe ranpli pou entegralman pou nou ka detèmine si w kalifye pou èd la. Nou kontan ede w pou pwosesis aplikasyon an.
Pou yo travay sou aplikasyon w lan, fotokopi youn nan dokiman annapre la yo egzijib pou chak manm nan fwaye w. Yo p ap egzamine aplikasyon w lan jiskake dokiman sa yo pa soumèt.
- Fòm retni W-2 yo (ki pi resan yo).
- Souch chèk peman (ki gen dat mwens pase 60 dènye jou yo).
- Deklarasyon taks sou revni (pou ane ki pi resan an).
- Fòm ki apwouve oswa ki refize konpansasyon chomaj oswa konpansasyon travayè (ki gen dat mwens pase 12 mwa)
- Yon verifikasyon salè alekri travay bay (ki gen dat mwens pase 60 dènye jou yo).
- Yon verifikasyon alekri ki soti nan ajans byennèt piblik oswa nenpòt lòt ajans gouvènman an ki ka konfime sitiyasyon revni an pou 12 dènye mwa yo.
Fotokopi prèv idantifikasyon ak adrès annapre la yo dwe bay tou.
- Idantifikasyon valab ki gen foto
- Prèv adrès aktyèl la
Dokiman Aplikasyon yo
- Politik Èd Finansye| Kreyòl
- Lis Founisè yo (Anèks B)
- Aplikasyon Evalyasyon Finansye (Anèks C)| Kreyòl
- Rezime Politik Èd Finansye
Aplikasyon ki ranpli konplètman ak dokiman sipò yo dwe voye pa lapòs bay:
Nicklaus Children's Hospital
ATTN: PFS - Public Benetfits
3100 SW 62 Avenue
Miami, Florida 33155