Pòte
Nan tout sistèm lan: Sistèm Sante Nicklaus Children’s lan, ki fòme ak Nicklaus Children's Hospital, Nicklaus Children's Hospital Foundation, Nicklaus Children's Pediatric Specialists (ki te otrefwa Pediatric Specialists of America), lòt antite NCHS ak tout anplwaye ak kontraktè antite sa yo.
Objektif
Pou asire Sèvis Finansye Pasyan yo itilize resous estaf yo yon fason ki apwopriye epi pou soutni depatman finans lopital la nan rapò egzat epi ki alè nan Kont Kliyan pasyan yo nan transfere kont ki pa ka kolekte nan dèt ki pa kapab rekipere nan yon fason ki fèt nan bon moman epi (si sa nesesè) nan fè aktivite ajans koleksyon primè ak segondè sèlman apre Nicklaus Children’s Hospital (NCH) fè efò rezonab pou detèmine si yon moun kalifye pou èd finansye nan kad Politik Èd Finansye (FAP) li a.
Politik
Tout balans pasyan ki pwodui apre moman sèvis la, swa pou pasyan ki pa gen asirans oswa pou pasyan ki gen asirans ki gen responsablite finansye ki rete, pral jere an annakò avèk politik sa a.
Pwosedi
- AGB – Montan yo faktire anjeneral pou swen dijans oswa lòt swen ki gen nesesite medikal ke yo bay moun ki gen kouvèti asirans.
- Peryòd Aplikasyon – siyifi peryòd kote NCH dwe aksepte epi travay sou yon aplikasyon pou èd finansye annakò ak FAP li a pou li te fè efò rezonab pou detèmine si wi ou non moun nan kalifye pou FAP. Peryòd Aplikasyon an kòmanse nan dat yo bay moun nan swen an epi li fini nan sa ki pita a ant 240yèm jou apre dat yo bay premye relve bòdwo apre egzeyat la pou swen an oswa omwen 30 jou apre NCH bay moun nan yon avi alekri ki fikse yon dat limit kote apre dat sa, yo gendwa antreprann ECA yo.
- ECA – Aksyon Koleksyon Ekstraòdinè yo se aksyon NCH pran kont yon moun anrapò ak efò pou jwenn peman yon bòdwo pou swen ki kouvri dapre FAP NCH la ki mande yon pwosesis legal oswa jidisyè oswa ki konsènen vann dèt yon moun ba yon lòt antite oswa rapòte enfòmasyon negatif sou moun nan ba ajans rapò kredi konsomatè oswa biwo kredi yo.
- FAP – Politik Èd Finansye NCH
- Enfòmasyon Kontakte pou FAP – Nicklaus Children’s Hospital Customer Care Center, 9655 N.W. 33 Street, Miami, FL 33172 (888) 538-3036.
- Moun ki Kalifye pou FAP – Yon moun ki kalifye pou èd finansye dapre Politik FAP NCH lan (san konsidere si wi ou non moun nan te aplike pou èd nan kad FAP an).
Aksyon pou Koleksyon
Se politik nan NCH pou pa sèvi avèk ECA kont yon moun pou jwenn peman pou swen anvan li fè efò rezonab pou detèmine si moun nan kalifye pou èd dapre FAP an.
Depann de machaswiv ki prevwa la a, kont pasyan NCH yo ka sibi aksyon koleksyon annapre la yo:
- Apre premye bòdwo a, yo voye relve chak mwa ak lèt koleksyon pa lapòs epi yo fè apèl nan telefòn nan yon efò pou kolekte tout balans ki dwe yo.
- Depann dispozisyon ki prevwa la a, balans pasyan ki pwodui apre peryòd sèvis la, swa pou pasyan ki pa gen asirans oswa pou pasyan ki gen asirans ki gen responsablite finansye ki rete, gendwa transfere bay yon ajans koleksyon move dèt nan lespas 180 jou apre egzeyat la. Si kont yo rete san peye apre 365 jou apre egzeyat, yo ka mete yo nan yon dezyèm founisè ajans koleksyon pou kontinye efò koleksyon yo.
- ECA ke NCH (oswa lòt pati otorize) gendwa itilize yo, depann de dispozisyon ki prevwa la a, gen ladan:
- Rapòte enfòmasyon negatif sou moun nan ba ajans rapò kredi konsomatè oswa biwo kredi yo;
- Kòmanse yon aksyon sivil kont yon moun. Yo pral detèmine si yo pral kòmanse yon aksyon sivil dapre desizyon sou chak ka apa. Se sèlman Direktè Sèvis Finansye Pasyan an, oswa reprezantan li ki ka otorize apwobasyon legal alekri.
- NCH ap pran dispozisyon ki pral site la yo omwen 30 jou anvan li kòmanse youn oswa plizyè nan ECA(yo) ki anwo la a pou jwenn peman pou swen yo:
- Bay moun lan yon avi alekri ki endike èd finansye ki disponib pou moun ki kalifye yo, idantifye ECA(yo) ke NCH (oswa lòt antite otorize) gen entansyon antreprann pou jwenn peman pou swen an, epi fikse yon dat limit, kote apre dat limit la yo ka antreprann ECA(yo) ki pa pi bonè pase 30 jou apre dat yo te bay avi alekri a.
- Bay moun nan yon rezime nan langaj klè sou FAP an avèk avi alekri ki dekri anwo la a.
- Fè efò rezonab pou enfòme moun lan nan bouch sou FAP NCH la ak sou fason moun nan kapab jwenn èd pou fè pwosesis aplikasyon pou FAP an.
- Si NCH mete ansanm tout bòdwo yon moun pa peye pou plizyè epizòd swen anvan li kòmanse youn oswa plizyè ECA pou jwenn peman pou bòdwo sa yo, li pral evite kòmanse ECA(yo) jouk rive 120 jou apre li te bay premye relve bòdwo apre-egzeyat pou epizòd ki pi resan an ki fè pati total la.
- Si NCH ranvwaye oswa refize, oswa egzije yon peman anvan li bay swen ki gen nesesite medikal pou yon moun ki gen youn oswa plizyè bòdwo ki pa peye pou swen li te resevwa anvan sa, NCH ap bay moun nan yon fòm aplikasyon pou FAP ak yon avi alekri ki endike ke èd finansye disponib pou moun ki kalifye epi ki endike dat limit la, si genyen, kote apre dat sa NCH p ap aksepte ankò ni travay sou yon aplikasyon FAP moun nan soumèt (oswa, si sa aplikab, ranpli) pou swen li te deja anvan yo. Dat limit la p ap pi bonè pase sa ki pita a ant date sa yo: 30 jou apre dat yo bay avi alekri a oswa 240 jou apre dat yo te bay premye relve faktirasyon apre egzeyat la pou swen yo te bay anvan an. Epitou NCH ap bay moun nan yon rezime FAP an nan yon rezime nan langaj klè avèk avi alekri a, epi l ap fè yon efò rezonab pou enfòme moun lan nan bouch sou FAP NCH lan ak sou fason moun nan kapab jwenn èd pou fè pwosesis aplikasyon pou FAP an. Si NCH resevwa yon aplikasyon FAP atan, l ap travay sou aplikasyon an nan yon fason akselere.
Detèmine Kalifikasyon pou Èd Finansye
NCH ap fè efò rezonab pou detèmine si moun yo kalifye pou èd finansye nan fason konsa:
- Enfòme moun yo sou Politik FAP an anvan antreprann nenpòt ECA pou jwenn peman pou swen an epi evite antreprann ECA sa yo pandan omwen 120 jou apati dat NCH bay premye relve bòdwo apre egzeyat pou swen an;
- Nan ka yon moun ki soumèt yon aplikasyon FAP enkonplè pandan Peryòd Aplikasyon an, enfòme moun nan sou fason pou l ranpli aplikasyon pou FAP an epi ba li yon okazyon rezonab pou l fè sa jan li dekri la a; epi
- Nan ka yon moun ki soumèt yon aplikasyon pou FAP konplè pandan Peryòd Aplikasyon an, detèmine si moun nan kalifye pou FAP pou swen yo epi si li ranpli nòmalman kondisyon yo ki dekri la a.
NCH ap travay sou aplikasyon pou FAP yo annakò avèk dispozisyon ki prevwa anba la a.
Tretman Aplikasyon pou FAP yo
Soumèt Aplikasyon Konplè pou FAP
- Si yon moun soumèt yon aplikasyon pou FAP ki konplè pandan Peryòd Aplikasyon an, NCH pral:
- Sispann nenpòt ECA kont moun nan (pou sa ki konsène frè ki gen rapò ak aplikasyon pou FAP k ap egzamine a);
- Pran yon desizyon sou kalifikasyon konsènan si wi ou non moun nan kalifye pou FAP epi enfòme moun nan alekri sou desizyon kalifikasyon an (sa gen ladan, si sa aplikab, asistans moun nan kalifye pou li jwenn) ak sou ki baz yo te pran desizyon an;
- Si NCH detèmine moun nan kalifye pou FAP, NCH pral:
- Bay moun nan yon relve bòdwo ki endike montan moun nan dwe pou swen yo antanke moun ki kalifye pou FAP (asipoze moun nan kalifye pou èd ki pa swen gratis) ak fason yo te detèmine montan sa epi ki deklare, oswa ki dekri kijan moun nan ka jwenn enfòmasyon konsènan AGB pou swen yo.
- Ranbouse moun nan nenpòt montan li te peye pou swen an (keseswa ba etablisman lopital la oswa nenpòt lòt antite lopital la te refere oswa vann dèt moun nan ba li pou swen an) ki depase montan yo jwenn li responsab peye pèsonèlman kòm yon moun ki kalifye pou FAP, sòf si montan ki depase a mwens pase $5 (oswa yon lòt montan ki pibliye nan Bilten Revni Entèn).
- Pran tout mezi ki disponib yon fason rezonab pou defèt nenpòt ECA (alesepsyon lavant dèt) ki te pran kont moun nan pou jwenn peman pou swen an.
Si dispozisyon ki nan Seksyon 1 anwo la a respekte, epi NCH pa vyole règ anti-abi ki dekri anba la a, NCH ka kòmanse oswa reprann ECA kont moun nan.
Si, lè li resevwa yon aplikasyon konplè pou FAP nan men yon moun ke NCH kwè ki gendwa kalifye pou Medicaid, NCH gendwa ranvwaye demach pou detèmine si moun nan kalifye pou FAP pou swen an jouk apre aplikasyon moun nan pou Medicaid fin ranpli e soumèt epi yo fin pran yon desizyon konsènan kalifikasyon moun nan pou Medicaid.
Soumèt yon Aplikasyon Enkonplè pou FAP
Si yon moun soumèt yon aplikasyon pou FAP ki pa konplè pandan Peryòd Aplikasyon an, NCH pral:
- Sispann nenpòt ECA kont moun nan (pou sa ki konsène frè ki gen rapò ak aplikasyon pou FAP k ap egzamine a);
- Bay moun nan yon avi alekri ki dekri enfòmasyon ak/oswa dokiman siplemantè ki nesesè nan kad FAP an oswa fòm aplikasyon pou FAP ke moun nan dwe soumèt bay NCH pou konplete aplikasyon li a pou FAP epi ki gen ladan Enfòmasyon pou Kontakte FAP an nan avi a.
- Si yon moun ki te soumèt yon aplikasyon enkonplè pou FAP pandan Peryòd Aplikasyon an epi apresa li konplete aplikasyon pou FAP a pandan Peryòd Aplikasyon an (oswa, si se pita, nan yon delè rezonab ki akòde pou reponn a demann pou enfòmasyon ak/oswa dokiman siplemantè), y ap konsidere moun nan kòm si li te soumèt yon aplikasyon konplè pou FAP pandan Peryòd Aplikasyon an.
Mankman pou Soumèt Aplikasyon pou FAP an
Amwenske e jiskaske NCH resevwa yon aplikasyon pou FAP nan men yon moun pandan Peryòd Aplikasyon an, NCH ka kòmanse ECA pou jwenn peman pou swen an on fwa li te enfòme moun nan sou FAP an jan li dekri nan dokiman sa a.
Divès kalite Dispozisyon
Règ Kont Abi – NCH pa pral baze desizyon li pran ki di yon moun pa kalifye pou FAP sou enfòmasyon ke NCH gen rezon pou kwè ki pa fyab oswa ki pa kòrèk, ni sou enfòmasyon li jwenn nan men moun nan sou presyon oswa nan sèvi ak lafòs.
Pa gen Renonsyasyon pou Aplikasyon pou FAP – NCH p ap chèche jwenn yon renonsyasyon siyen nan men okenn moun ki deklare ke moun nan pa vle aplike pou èd nan kad FAP an, oswa resevwa enfòmasyon ki dekri anwo la a, pou detèmine ke moun nan pa kalifye pou FAP.
Otorite Final pou Desizyon Kalifikasyon pou FAP - Otorite final pou detèmine ke NCH te fè efò rezonab pou detèmine si yon moun kalifye pou FAP e pakonsekan gendwa antreprann ECA kont moun nan chita nan men Depatman Sèvis Finansye Pasyan.
Akò avèk Lòt Pati - Si NCH vann oswa refere ba yon lòt pati yon dèt yon moungen anrapò ak swen, NCH pral antann ak pati sa a sou yon akò alekri ki fèt pou respekte legalman, ke yo pran lojikman pou asire pa gen ECA y ap pran pou jwenn peman pou swen jouk yo fin fè ase efò pou jwenn si moun nan kalifye pou FAP pou swen an.
Founi Dokiman ak Mwayen Elektwonik - NCH ka sèvi ak mwayen elektwonik pou bay nenpòt avètisman oswa kominikasyon alekri ki dekri nan politik sa a (pa egzanp, pa imèl) ba nenpòt moun ki di li prefere resevwa avi oswa kominikasyon alekri pa mwayen elektwonik.