Nicklaus Children’s Hospital ak etablisman li yo gen responsablite bay timoun ou an swen medikal ki apwopriye. Sa ki annapre la a se yon seri prensip ki gide swen pasyan yo. Li enpòtan pou ou konnen dwa timoun ou an antanke pasyan, epi ki dwa ak obligasyon ou genyen antanke paran ak itilizatè lopital sa a.
Nou ankouraje w pou w pale ak moun ki patisipe nan swen timoun ou an. Men yon rezime dwa ak responsablite ou.
Ou menm ak timoun ou an gen dwa:
- Pou resevwa tretman avèk koutwazi ak respè, pandan yo rekonèt diyite li kòm moun, ansanm ak pwoteksyon bezwen li genyen pou entimite.
- Pou jwenn yon repons rapid e rezonab pou kesyon ak demann.
- Pou konnen kimoun k ap founi sèvis medikal yo ak kimoun ki responsab swen li yo.
- Pou patisipe nan devlopman ak aplikasyon plan swen pasyan an.
- Pou konnen ki sèvis sipò ki disponib pou pasyan, ansanm ak si gen yon entèprèt disponib si li pa pale Anglè.
- Pou konnen ki règ ak règleman ki aplike pou konduit li.
- Pou founisè swen sante a bay enfòmasyon konsènan dyagnostik, rejim tretman yo prevwa, lòt chwa ki genyen, risk, ak pwonostik li.
- Pou refize nenpòt tretman, sòf si lalwa prevwa yon lòt jan.
- Pou li resevwa, lè li mande sa, tout enfòmasyon ak konsèy ki nesesè sou resous finansyè yo konnen ki disponib pou swen li yo.
- Pou konnen, lè li mande sa epi anvan tretman, si founisè swen sante a oswa etablisman swen sante a aksepte tarif Medicare fikse yo.
- Pou resevwa, lè li mande sa, anvan tretman, yon estimasyon rezonab sou frè yo chaje pou swen medikal yo.
- Pou resevwa yon kopi bòdwo detaye ki klè yon fason rezonab, ke li kapab konprann, ak pou yo eksplike l frè yo, lè li mande sa.
- Pou jwenn aksè nan tretman medikal oswa aranjman san patipri, kèlkeswa ras, peyi kote li soti, relijyon, andikap, oswa sous peman.
- Pou resevwa tretman pou nenpòt pwoblèm medikal dijans ki pral deteryore si yo pa bay tretman.
- Pou konnen si tretman medikal la se pou objektif rechèch eksperimantal ak dwa pou bay konsantman li oswa refize patisipe nan rechèch eksperimantal la.
- Pou fè konnen doleyans konsènan nenpòt vyolasyon dwa li yo jan li endike
- nan lwa Florid, pa mwayen pwosedi pou doleyans founisè swen sante oswa etablisman swen sante ki te sèvi li, ak ba òganis leta konpetan ki bay lisans yo.
- Nicklaus Children’s Hospital obeyi lwa federal sou dwa sivil ki aplikab yo, epi li pa fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, peyi kote moun soti, laj, andikap oswa sèks.
Yon pasyan (oswa fanmi/gadyen) responsab:
- Selon tout sa li konnen, bay founisè swen sante a enfòmasyon ki egzak e konplè sou sentòm kounye a yo, maladi li te genyen anvan, ospitalizasyon, medikaman, ak lòt zafè anrapò ak sante li.
- Rapòte chanjman sanzatann nan eta sante li ba founisè swen sante a.
- Rapòte bay founisè swen sante a si li konprann yon plan daksyon yo pwojte fè ak sa ke yo atann de limenm.
- Swiv plan tretman founisè swen sante a rekòmande.
- Respekte randevou yo epi, lè li pa kapab respekte yo pou yon rezon kèlkonk, li responsab avèti founisè swen sante a oswa etablisman swen sante a.
- Zak li si li refize tretman oswa si li pa respekte machaswiv founisè swen sante a.
- Asire ke obligasyon li genyen yo sou plan finans pou swen sante li ranpli ak tout rapidite ki posib.
- Respekte règ ak règleman etablisman swen sante a ki afekte swen ak konduit pasyan.
Machaswiv pou vizit yo:
Chak pasyan/paran(yo), gadyen legal ak/oswa reprezantan gadyen legal (oswa moun ki bay sipò, lè sa apwopriye) pral enfòme sou dwa, depann de konsantman li, pou resevwa vizitè ki li deziyen, sa gen ladan, men pa sèlman, yon mari/madanm, patnè domestik (sa gen ladan patnè domestik menm sèks), lòt manm fanmi oswa yon zanmi, epi dwa li pou retire konsantman l nenpòt ki lè;
- Pa mete restriksyon, limite, oswa refize yon lòt jan privilèj vizit sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, idantite jennda, oryantasyon seksyèl oswa andikap; epi
- Asire ke tout vizitè yo benefisye tout privilèj vizit ki konfòm avèk preferans pasyan an.
- Tout vizitè yo dwe san sentòm maladi atrapan ak san ekspozisyon koni.
Fidbak la enpòtan
Depatman Patient and Guest Relations responsab pou reponn ak/oswa refere nenpòt kesyon, enkyetid, plent, oswa doleyans ou ka genyen konsènan dwa ou oswa kalite swen ak sèvis ki bay nan Nicklaus Children’s Hospital ak rezo etablisman pasyan ekstèn li yo. Ou gendwa kontakte estaf Patient and Guest Relations dirèkteman nan ekstansyon 4400, oswa mande nenpòt manm estaf la kontakte yo nan non w. Si se yon ijans, tanpri rele operatè lopital la (konpoze 0) epi mande pou yo bipe Administratè Operasyon yo. N ap kontan abòde nenpòt pwoblèm oswa enkyetid ou ka genyen konsènan swen timoun ou an.
Si w gen nenpòt kesyon oswa plent konsènan kalite swen yon founisè swen sante oswa yon etablisman swen sante ofri, ou ka kontakte Ajans pou Administrasyon Swen Sante a nan 1-888-419-3456 oswa ekri:
AGENCY FOR HEALTH CARE ADMINISTRATION
Consumer Assistance
Unit 2727
Mahan Drive Tallahassee, FL 32308-5403
Oswa
DNV GL Healthcare http://dnvglhealthcare.com/patient-complaint-report
San Frè: 1-866-496-9647
Faks: (513) 947-1250
Nou apresye fidbak ou ak enkyetid ou yo.