► Kondisyon ou ka trape nan lopitalEnfiltrasyon ak Ekstravazasyon Katetè IV Periferik (PIVIE)

Kondisyon ou ka trape nan lopital - Enfiltrasyon ak Ekstravazasyon Katetè IV Periferik (PIVIE)

This video introduces the risks of Peripheral IV Infiltration (fluid leaking into surrounding tissue) and Extravasation (harmful medication leaking into tissue), which can lead to pain and tissue damage.

​Videyo sa a esplike risk Enfiltrasyon yon Katetè IV Periferik (likid ki koule nan tisi ki bò kote a) ak Ekstravazasyon (medikaman ki ka danjere ki koule nan tisi a), ki ka lakòz doulè ak domaj nan tisi yo

Konsèy pou anpeche Enfiltrasyon oswa Ekstravazasyon IV Periferik (PIVIE):

  • Tcheke plas katetè venn periferik la chak èdtan, lè w itilize metòd TLC (Touche, Gade, Konpare):
    • Touche pou detekte si gen zòn ki frèt, cho, oswa di plis pase nòmal.
    • Gade pou obsève si gen woujè, anfle oswa koule likid.
    • Konpare toude bra oswa toude janm pou w remake diferans nan gwosè oswa aparans.
  • Fè enfimyè oswa doktè konnen imedyatman nenpòt siy oswa enkyetid.

Videyo a fè referans ak yon fey enfòmasyon ak yon lòt videyo sou metòd TLC, ki disponib sou chanèl YouTube lopital la. Li ankouraje paran yo pou yo patisipe aktivman nan prevansyon pou asire sekirite ak konfò pitit yo.


 

Published on: 15/08/2025