Pasyan ki entène, Pasyan Ekstèn ak Obsèvasyon

Oumenm oswa timoun ou an pral resevwa swen medikal yo founi pi byen nan lopital nou an sou baz admisyon pasyan entène, pasyan ekstèn ak sejou pwolonje oswa sèvis obsèvasyon pasyan ekstèn.Patient in bed visited by Nurse

Kisa sa vle di pou ou oswa pou timoun ou an?

Anpil pasyan k ap resevwa tretman nan yon kabann lopital kote yo oblije pase nwit la ka konsidere kòm pasyan ekstèn, pandan y ap resevwa oubyen sèvis obsèvasyon osinon sèvis pou yon pwosedi ki mande yon sejou ki kout.

  • Pou moun ki nan obsèvasyon: Oumenm oswa timoun ou an dwe rete pou yon sejou kout pou tès, tretman ak siveyans nan yon kabann lopital. Direktiv ki pibliye nan Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (Center for Medicare and Medicaid Services, CMS) ak lòt founisè asirans sante yo bay asirans ou tan pou l kolekte enfòmasyon ki ka detèmine gravite maladi w lan ak si w ap bezwen admisyon pasyan ki entène oswa ap jwenn egzeyat. Sa gendwa afekte reskonsablite frè k ap soti nan pòch ou.
  • Pou moun ki nan rekiperasyon pwolonje/sejou kout pou pwosedi: Oumenm oswa timoun ou an ap resevwa tretman pandan nou nan yon kabann lopital pou rekiperasyon nòmal apre yon pwosedi pasyan ekstèn yo prevwa ki dwe dire mwens pase 23 èdtan apre yon pwosedi anbilatwa.

Kisa admisyon pasyan ki entène ye?

Pwoblèm medikal ak plan tretman w lan oswa pa timoun ou an konfòm ak direktiv Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS) pou pasyan entène sèlman. Founisè swen w lan endike admisyon pasyan entène epi tretman an nesesite plis pase de minwi youn apre lòt.

Kijan sitiyasyon deziyen an pral afekte kalite swen yo ak kouvèti asirans lan?

  • Kalite Swen yo: Nan Nicklaus Children’s Hospital, nou travay pou bay pi bon tretman ak swen ki pi an sekirite pou tout pasyan nou yo. Y ap bay tout tès, medikaman ak terapi ki nesesè yo pou tout divès tip sejou lopital ki deziyen yo.
  • Enpak Finansye: Menm si oumenm oswa timoun ou an ap resevwa tretman nan yon kabann lopital, benefis asirans pasyan ki entène yo pa toujou aplike. Konsa, frè ki soti nan pòch ou yo (ko-peman, ko-asirans, ak dediktib) pou sèvis pasyan ekstèn yo ka diferan ak sèvis pasyan ki entène yo. Tanpri kontakte konpayi asirans ou an pou jwenn plis enfòmasyon.

**Avi Medicare pou Obsèvasyon Pasyan Ekstèn (MOON): se yon avi ofisyèl Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS) devlope pou enfòme benefisyè Medicare yo sou sitiyasyon obsèvasyon pasyan ekstèn yo.

**Avi pou Obsèvasyon Pasyan Ekstèn nan Lopital la (HOON): se yon avi estanda Ajans pou Administrasyon Swen Sante (Agency for Healthcare Administration, ACHA) devlope pou enfòme benefisyè ki pa gen Medicare yo sou sitiyasyon obsèvasyon pasyan ekstèn yo.

Ak kimoun mwen ka pale si m gen kesyon sou kouvèti asirans mwen?

Si w gen kesyon, tanpri mande manm pèsonèl lopital ki ba w avi sa a oswa mande doktè k ap bay swen yo nan lopital la. Ou ka mande tou pou w pale avèk yon reprezantan Aksè Pou Pasyan (Patient Access), ki disponib pou pale avèk ou Lendi jiska Vandredi ant 8 a.m. ak 4 p.m. Tanpri rele Sèvis Asistans pou Kalifikasyon an nan 786-624-6525 oswa voye yon imèl nan EAS@nicklaushealth.org.