Sèvis Lang

Èd pou lang disponib gratis pou fanmi ki gen konpetans limite nan Anglè oswa ki soud oubyen ki tande di.

Aprann plis bagay sou sèvis sipò lang nou yo ak pwoteksyon kont diskriminasyon.

jèn fanm nwa nan telefòn epi k ap egzamine dokiman.
jèn fanm nwa nan telefòn epi k ap egzamine dokiman.

Si oumenm oswa yon manm fanmi w gen konpetans limite nan Anglè oswa si w soud oswa w tande di, gen èd gratis aladispozisyon w pou lang ou pale a. Nan Nicklaus Children's Hospital, nou ofri plizyè fason pou bay sipò pou lang:

  • Entèpretasyon nan telefòn.
  • Entèpretasyon Videyo a Distans (VRI)
  • Entèpretasyon an pèsòn (sou randevou ak demann davans sèlman)

Sèvis sa yo gratis epi se yon dwa pasyan an genyen.

Pou mande yon entèprèt, annik enfòme nenpòt manm pèsonèl la oswa montre youn nan afich “Mwen Pale" nou yo pou endike lang ou a. Epitou, pou mande èd alekri, ou kapab kontakte:

Patient & Guest Relations
3100 SW 62nd Avenue
Miami, FL 33155-3009

Oswa pa imèl: PatientandGuestRelations1@Nicklaushealth.org

Pou TTY ak/oswa lòt èd anplis, rele Patient and Guest Relations: jou lasemèn soti 8:30 a.m. jiska 5 p.m. 786-624-4400 oswa apre lè biwo 305-810-9840.


عربي (Arab)

تتوفر خدمات اللغة مجانًا. يُرجى الاتصال على 786-624-4400 (في أيام الأسبوع من الساعة 8:30 صباحًا إلى 5 مساءً) أو 305-810-9840.

中国人(Chinwa)

语言服务免费提供。请致电786-624-4400(工作日上午 8:30 至下午 5 点)或305-810-9840

Français (Fransè)

Des services linguistiques sont disponibles gratuitement. Veuillez appeler le 786-624-4400 (en semaine de 8h30 à 17h) ou le 305-810-9840.

Deutsch (Alman)

Sprachdienste stehen kostenlos zur Verfügung. Bitte rufen Sie 786-624-4400 (werktags von 8:30 bis 17:00 Uhr) oder 305-810-9840 an.

Ελληνικά (Grèk)

Οι γλωσσικές υπηρεσίες είναι διαθέσιμες, δωρεάν. Καλέστε 786-624-4400 (καθημερινές από τις 8:30 π.μ. έως τις 5 μ.μ.) ή 305-810-9840.

Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)

Sèvis lang yo disponib, gratis. Tanpri rele 786-624-4400 (lasemèn soti 8:30 a.m. rive 5 p.m.) oswa 305-810-9840.

עברית (Ebre)

שירותי שפה זמינים, ללא תשלום. נא התקשר ל786-624-4400 (בימות חול מ-8:30 בבוקר עד 17:00) או 305-810-9840.

हिंदी(Hindi)

भाषा सेवाएँ निःशुल्क उपलब्ध हैं। कृपया 786-624-4400 (सप्ताह के दिनों में सुबह 8:30 बजे से शाम 5 बजे तक) या 305-810-9840 पर कॉल करें।

Italiano (Italyen)

I servizi linguistici sono disponibili gratuitamente. Chiamare il 786-624-4400 (nei giorni feriali dalle 8:30 alle 17:00) o il 305-810-9840.

한국어 (Koreyen)

언어 서비스는 무료로 제공됩니다. 786-624-4400(평일 오전 8시 30분~오후 5시) 또는 305-810-9840으로 전화해 주세요.

Polski (Polonè)

Usługi językowe są dostępne bezpłatnie. Prosimy o kontakt telefoniczny pod numerem 786-624-4400 (w dni robocze w godzinach 8:30–17:00) lub pod numerem 305-810-9840.

Português (Pòtigè)

Serviços de idiomas estão disponíveis gratuitamente. Ligue para 786-624-4400 (dias úteis das 8h30 às 17h) ou 305-810-9840.

Русский (Ris)

Услуги переводчика предоставляются бесплатно. Пожалуйста, звоните по телефону 786-624-4400 (по будням с 8:30 до 17:00) или 305-810-9840.

Español (Espayòl)

Hay servicios de idiomas disponibles sin costo. Por favor llame al 786-624-4400 (días laborables de 8:30 a.m. a 5:00 p.m.) o al 305-810-9840.

ไทย (Tay)

มีบริการด้านภาษาให้โดยไม่เสียค่าใช้จ่าย กรุณาโทร 786-624-4400 (วันธรรมดา เวลา 8.30 น. ถึง 17.00 น.) หรือ 305-810-9840.

Tiếng Việt (Vyetnamyen)

Dịch vụ ngôn ngữ được cung cấp miễn phí. Vui lòng gọi 786-624-4400 (các ngày trong tuần từ 8:30 sáng đến 5 giờ chiều) hoặc hoặc 305-810-9840.


Kowòdonatè Seksyon 1557

Seksyon 1557 nan Lwa sou Swen Abòdab la ranfòse pwoteksyon kont diskriminasyon nan swen sante ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap oswa sèks. Règ sa a ede redui baryè lang epi amelyore aksesibilite ni fizik ni dijital. Nicklaus Children's Hospital (NCHS) te pran tout dispozisyon ki nesesè pou konfòme li avèk nòm sa yo.

Pou kesyon oswa pou depoze yon doleyans, tanpri kontakte kowòdonatè Seksyon 1557 la: