Pasyan nan Nicklaus Children’s Hospital gendwa resevwa bòdwo apa pou sèvis ekip swen sante a bay. Kit se nan kad yon sejou nan lopital, swen dijans, oswa vizit nan kabinè doktè, yo gendwa voye plis pase yon sèl bòdwo selon dat la ak tip sèvis la.
Pou fasilite w, nou ofri plizyè metòd pou peye bòdwo ou a. Ou ka fè peman yo sou entènèt, an pèsòn, oswa nan telefòn. Zòn sèvis ki gendwa voye yon bòdwo ba ou endike anba a.
Tchat avèk yon Reprezantan Faktirasyon
Faktirasyon Lòt Sèvis yo
Peman pou frè pasyan konpayi asirans pasyan an pa kouvri (pa egzanp: kopeman ak dediktib) dwe peye anvan moman egzeyat la.
Pou fasilite paran an oswa gadyen legal la, lopital la aksepte chèk ak kat kredi sa yo: Visa, MasterCard, AmericanExpress, Discover.
Sèvis annapre la yo pa parèt nan relve lopital la, sèvis sa yo faktire bay fanmi an dirèkteman:
- Anestezis
- Patolojis yo
- Chirijyen ki pa anplwaye
- Doktè nan pratik prive(yo)
Tanpri al gade nan patnè ak gwoup doktè sou kontra pou jwenn plis enfòmasyon.
Èd Finansye
Nan yon efò pou ede paran yo ak gadyen legal yo pou aspè finansye ospitalizasyon yon timoun, Depatman Sèvis Finansye Pasyan Nicklaus Children's Hospital disponib pou trete bòdwo bay konpayi asirans yo lè sa aplikab, epi eksplike relve ak frè yo bay pati ki responsab finansyèman yo.
Yo ankouraje pou paran oswa gadyen legal yo kontakte konseye finansye yo nan Depatman Sèvis Finansye Pasyan an pandan sejou pasyan an nan lopital la pou akselere pwosesis egzeyat la.
Aprann Plis