Jesyon Enfòmasyon sou Sante (HIM)
Depatman Jesyon Enfòmasyon sou Sante (Health Information Management, HIM) nan Nicklaus Children's Hospital pran angajman pou respekte epi pwoteje dwa pasyan nou yo ak fanmi nou yo. Estaf Jesyon Enfòmasyon Sante yo responsab pou prezève konfidansyalite tout dosye pasyan yo epi y ap twò kontan reponn ak demann dosye medikal ou yo. Paran yo, gadyen legal yo oswa pasyan yo gen dwa swa pou egzamine oswa resevwa yon kopi dosye medikal timoun yo a lè yo otorize. Dosye medikal yo konsève pandan yon peryòd dis (10) ane apre dènye dat sèvis ou a. Tanpri fòk ou konnen nou pa ka entèprete sa enfòmasyon yo siyifi ni pale sou yo avèk ou.
Si w gen lòt kesyon apre ou fin li enfòmasyon yo ki anba a, ou ka kontakte Depatman HIM lan.
Kijan Pou Jwenn Dosye Medikal an pasan pa Pòtay Pasyan My Nicklaus Children's lan
Pou jwenn aksè nan sèten pati dosye medikal timoun ou an aksepte yon envitasyon imèl pou enskri nan Pòtay Pasyan My Nicklaus Children's lan. Pou jwenn aksè, voye yon imèl bay mykidsportal@nicklaushealth.org.
Pou dosye medikal ki pa disponib sou pòtay la, gade machaswiv yo ki anba a.
Kijan pou mande dosye medikal sou entènèt (eRequest)
Mande dosye medikal an pasan pa yon sit entènèt an sekirite patnè nou pou kominikasyon enfòmasyon, Datavant (ki te otrefwa Ciox) ebèje. Si w pa kapab fè demann lan sou entènèt, gade opsyon siplemantè yo pou soumèt demann dosye medikal ou a.
Tanpri konnen: Ranpli fòm otorizasyon an si w ap mande dosye sikyatri/sikoloji oswa rezilta laboratwa sansib (VIH/STD/Depistaj Dwòg/Gwosès), paske yon siyati anplis ap obligatwa.
Kikote pou Soumèt Demann Dosye Medikal Ou a
Ou ka voye pa imèl fòm otorizasyon pou kominikasyon/demann enfòmasyon ki ranpli a, ansanm ak yon kopi ID ki gen foto, bay HIM.releaseofinformation@nicklaushealth.org oswa poste nan adrès sa a:
Nicklaus Children's Hospital
Medical Records Department
3100 SW 62 Avenue
Miami, Florida 33155
Remak: Nou pa aksepte demann pa faks epi si pasyan an gen 18 lane oswa plis kounye a, se limenm sèl ki ka otorize kominikasyon dosye medikal li.
Kijan pou Mande Imaj Radyolojik
Pou imaj radyolojik ki fèt nan lopital prensipal la, tanpri rele Depatman Radyoloji a nan Nicklaus Children's Hospital nan 786-624-3283. Otorizasyon pou kominikasyon/demann enfòmasyon ranpli a ak yon kopi ID ki gen foto egzijib.
Tanpri konnen: Si egzamen radyolojik yo te fèt nan sant pou pasyan ekstèn yo, ou dwe mande imaj yo dirèkteman nan sant lan.
Frè Pou Jwenn Kopi Dosye Medikal yo
Yo bay yon kopi koutwazi. Ap gen yon frè pou kopi anplis.
Resevwa Dosye Ou Te Mande yo
On fwa Depatman HIM lan resevwa demann ou an, sa ap pran apeprè 5 a 7 jou ouvrab pou dosye yo voye pa lapòs nan adrès ou te bay la. Ou ka resevwa dosye yo pa imèl, si w te ranpli fòm demann livrezon dosye elektwonik la. YO PA PRAL VOYE DOSYE YO PA FAKS.
Kijan pou Mande yon Modifikasyon nan yon Dosye Medikal
Nicklaus Children's Hospital ap akòde pasyan an dwa pou modifye Enfòmasyon sou Sante Pwoteje (PHI) li annakò ak règleman federal ak eta yo.
Dwa Ou pou Fè yon Demann
Si w ap mande yon modifikasyon oswa yon koreksyon PHI pou oumenm oswa pou timoun ou, ranpli fòm Demann Modifikasyon/Koreksyon PHI a epi voye l pa imèl bay HIM.releaseofinformation@nicklaushealth.org oswa voye l pa lapòs nan adrès ki endike anwo a. Tanpri mete avèk demann lan yon kopi ID ki gen foto.
Tretman ak Konsiderasyon Demann lan
On fwa ou fin ranpli epi soumèt demann pou modifikasyon/koreksyon an, Direktè Jesyon Enfòmasyon sou Sante a oswa reprezantan li ap reponn demann ou an pa pita pase 60 jou pou:
- Tretman modifikasyon ki mande a
- Bay pasyan an yon refi alekri
- Bay pasyan an yon deklarasyon alekri sou rezon pou reta a ak dat ke Nicklaus Children's Hospital pral reponn demann lan (dat sa a pa gendwa pita pase 90 jou apre yo fin resevwa demann lan).
Lòt Resous Anplis
Pou dosye bòdwo yo, tanpri kontakte 305-663-8452 epi seleksyone opsyon 2.